Ekri pa Chrislene Satine, Ilistre pa Kenal Louis
Èske w te janm enkyete w pou pitit ou yo santi yo mete deyò paske yo diferan de lòt moun?
Rankontre Le’len, yon jèn fi, ki santi l mete deyò paske li sanble diferan de lòt moun. Yon jou, anvan l al lekòl, Le’Len di Manman li santi l diferan paske je l yo gwo. Manman rasire Le’Len ke se je l yo ki fè l inik ak espesyal. Le’len aprann pouvwa kwè nan tèt ou pandan l ap ankouraje zanmi l yo pou yo devlope menm konfyans nan tèt yo.
Yon liv bileng ekri an angle ak kreyòl Ayisyen, Eyes That Say I Can se yon istwa rekonfòtan ki selebre lanmou pwòp tèt ou ak bote pou w inikman ou menm.
Pafè pou jèn lektè yo, istwa enspiran sa a raple timoun toupatou: "Ou sifi jan w ye a."